NEW YORK (AP) — Lajitis nan New York te akize Diddy pou trafik sèks, kounye a yo pwograme dat pou jijman li kòmanse 5 me 2025.
MADRID (AP) — Rafael Nadal ap retire kò l li nan tenis pwofesyonèl a laj 38 apre li te fin ranpòte 22 tit nan Grand Chelem - 14 nan Roland Garros - pandan yon epòk san parèy kote li te jwe kont 2 lòt gwo rival li Roger Federer ak Novak Djokovic.
WASHINGTON (AP) — TD Bank pral peye apeprè 3 milya dola, nan kad yon antant ak depatman jistis ameriken, Bank lan gen pou li bay otorite ameriken kòb akoz pratik lesegrennen enstitisyon finansye a pèmèt gwo blanchiman lajan fèt sou plizyè ane andan entitisyon li.
DENVER (AP) — Otorite yo di yon moun te pèdi lavi li epi yo ap travay pou sove 12 lòt ki bloke byen fon anba tè nan yon ansyen min lò nan Colorado apre yon asansè nan sit touristik la te mal fonksyone.
PONT-SONDÉ, Ayiti (AP) — Myriam Fièvre, majistra vil Saint-Marc la di, kantite moun ki pèdi lavi yo nan yon atak tèrib gang ame te fè semèn pase a nan Pont Sondè rive nan 115.
HOUSTON (AP) — Yo mete yon ansyen ofisye polisye Houston nan prizon pou lanmò yon koup marye pandan yon operasyon dwòg.
WASHINGTON — FBI arete yon sitwayen afgan, ki selon otorite yo te kopye sou òganizasyon militan Eta Islamik lan, pou planifye yon atak sou gwo rasanbleman moun jou eleksyon Etazini an, dapre sa Ministè Jistis la te anonse Madi.
Fanmi ak zanmi viktim masak gang ame te fè nan Ponsonde a yo te rann yo yon dènye omaj madi 8 oktòb la.
SANTO DOMINGO, Repiblik Dominikèn (AP) — Repiblik Dominikèn di li depòte oswa rapatriye prèske 11,000 Ayisyen nan semenn ki sot pase a.
PONSONDE, Ayiti (AP) — Plizyè milye ayisyen ap fè fas ak yon avni ensèten apre yo te fin chape atak vyolan gang te mennen semenn pase a nan yon ti vilaj, ki te touye omwen 70 moun.
DES MOINES, Iowa (AP) — Pri tikè lotri "Mega Millions" pral ogmante plis pase double, men ofisyèl yo di, yo tèt frèt, yo gen konfyans ke jwè aza yo pa pral gen poblwèm ak sa paske gen chanjman ki pral fèt pou pèmèt yo gen pi gwo pri e pèmèt moun genyen pi souvan.
Kyev, Ikrèn (AP) — Otorite Ikrenyen yo di fòs Ris yo atake Ikrèn lannwit lan ak 87 dwôn Shahed epi kat diferan kalite misil.
SENMAK, Ayiti (AP) — Ajans Nasyonzini pou Migrasyon an di prèske 6,300 moun kouri kite kay yo apre yon atak gang ame yo fè te koze lanmò omwen 70 moun.
JERUSALEM (AP) — Fòs tèrès izrayelyen yo te deplwaye nan sid peyi Liban, sa ki make yon evolisyon enpòtan nan ofansif kont Ezbola a epi louvri yon nouvo fwon nan yon gè, ki gen yon lane, kont advèsè li Iranyen yo ap sipòte a.
Kiev, Ikrèn (AP) — Otorite Larisi yo di yo kraze plis pase 100 dwôn ikrenyen, sa ki lakòz yon gwo dife pete nan forè a epi boule yon bilding, sete youn nan pi gwo baraj nan syèl Larisi.
McALESTER, Okla. (AP) — Oklahoma te egzekite yon nonm pou wòl li nan yon fiziyad ki te koze lanmò yon pwopriyetè magazen pandan yon vòl nan lane 1992.
ATMORE, Ala. (AP) — Yo nonm yo te rekonèt koupab nan yon fiziyad ki te touye twa moun nan espas travay li te jwenn egzekisyon l avèk nitwojèn nan Alabama. Se te dezyèm fwa Eta sa a te fè yon egzekisyon avèk gaz nitwojèn.
NASYON ZINI (AP) — Yon moman etranj nan politik Etazini parèt nan Asanble Jeneral Nasyonzini an, Prezidan Konsèy Tranzisyon Ayisyen an Edgar Leblanc Fils, pale ak lidè mondyal yo sou aktivite gang yo an Ayiti, e li te deplore kantite sitwayen k ap sove kouri kite kay yo an mas akoz aktivite gang yo.
Load more