Lame Zimbabwe, fè konnen jounen mèkredi 15 novanm 2017 la yo pa gen entansyon fè yon kou-deta kont pouvwa an plas la e ke Prezidan Robert Mugabe ak fanmi li an sekirite. Madi 14 novanm bonè nan maten, kèk temwen te fè konnen yo wè plizyè cha-de-gè nan lari kap pran direksyon kapital la sa ki ta sanble aktivite yon kou-deta yon jou apre kòmandan lame a te deklare li prè pou l mete fen nan kanpay chas gouvènman an ap fè kont patizan opozisyon an, dapre ajans Reuters.
Cha blende kap kouri nan vil Harare, Zimbabwe, 14 novanm 2017 la. (Twitter/Jupiter Punungwe)
Kòmandan lame Zimbabwe a, Constantino Chiwenga, pandan yon rankont ak laprès lendi 13 novanm 2017 la kritike enstabilite li di ki genyen nan mitan patizan pati o pouvwa a kote Prezidan peyi a Robert Mugabe revoke vis prezidan li a, Emmerson Mnangagwa.
Kòmandan lame Zimbabwe a, Constantino Chiwenga
Yon temwen di li te wè 2 lòt cha-de-gè estasyone toupre wout prensipal ki lye Harare ak Chinihoyi a, apeprè 20 kilomèt ak anba lavil la. Yon nan cha-de-gè yo te met tèt li sou direksyon kapital la.
Bonè madi 14 novanm 2017 la, pati pwòch pouvwa a, ki rele The Youth Wing of Zimbabwe a swa Zèl Jèn Zimbabwe yo, repwoche chèf lame a dèske li vle pase konstitisyon peyi a anba pye lèl di li prè pou l entèvni pou mete lòd nan dezòd akoz kriz Zimbabwe twouve l li jounen jodi a apre revokasyon Vis prezidan Mnangagwa semèn pase a.
Ansyen vis prezidan Mnangagwa ki gen 75 zan sou tèt li se yon ansyen konbatan nan lagè pou liberasyon Zimbabwe a depi nan ane 70 yo. Yo te konsidere li kòm moun ki ta kapab ranplase Prezidan Mugabe avan li te pèdi djòb li kòm vis-prezidan.