Espay: Lapolis touye, Younes Abouyaaqoub, youn nan Sispèk Atak Baselòn nan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Foto: Younes Abouyaaqoub, youn nan sispèk atak Baselòn nan.

Lapolis nan peyi Lespay ouvè kout zam e touye yon nèg yo sispèk ki te jwe wòl chofè nan atak teworis jedi pase a nan vil Barselòn.

Konsa otorite espayòl yo mete fen nan operasyon koukouwouj yo te lage dèyè Younes Abouyaakoub apre yon fas-kare ak polisye jounen lendi 21 out 2017 la nan yon zòn riral ki chaje ak jaden rezen pou fè diven.

Plantasyon sa a sou yon distans 45 kilomèt ak rejyon lwès vil Barselòn. Otorite yo presize yo tire eleman sa a apre yo te fin remake li genyen sou li yon bagay ki sanble ak yon senti chaje ak eksplozif ki te kapab sote a nenpòt ki moman.