Yon Lidè Militan Gwoup Al Shabab la Mouri nan yon Frap Aeryen nan Somali

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Sòlda mentyen lapè Inyon Afrikèn yo kap fè patwouy nan Somali.

Gouvènè anba chal pou gwoup Al Shabab la nan kapital peyi Somali a, Mogadisio, pèdi lavi l nan yon frap aeryen Etazini lanse, dapre sa yon otorite yo nan depatman defans konfime jounen madi 1e out 2017 la bay repòtè Lavwadlamerik yo.

Ali Mohamed Hussein, ki rele tou Ali Jabal, moun plis konnen l pou aksyon kote li te konn fòse biznis yo bay militan islamik yo lajan.

Deklarasyon an fè konnen frap la te fèt an koneksyon ak alye yo nan rejyon an, samdi 29 jiyè 2017 la a nan aswè, lè pati lès Etazini.