Yon rankont brase lide ap dewoule nan Palè Nasyonal ant Prezidan Michel Martelly, chèf gouvènman an Gary Conille ak delegasyon Klub Madrid sou klima politik peyi a.
Delegasyon an ap rankontre ak Prezidan Martelly e diferen pati politik yo nan kad misyon pou ranfòse konsensis politik la ann Ayiti. Se sizyèm misyon Klub Madrid la ap efektye ann Ayiti nan kad sipò yo vle bay nan politik ayisyèn nan.
Yon delegasyon Klub Madrid, ki fòme avèk ansyen chèf deta, ansyen chèf gouvènman ak lòt diyitè etranje rive ann Ayiti lendi 19 desanm 2011 la pou apiye pwosesis demokratik la nan peyi a.
Delegasyon sa a gen nan tèt li ansyen prezidan chilyen an, Ricardon Lagos, ansyen prezidan bolivyen an, Jorge Fernando Quiroga, ansyen premye minis fransè a, Lionel Jospin ak ansyen prezidan panameyen an, Martín Torrijos.
Korespondan nou Clarens Renois te reponn kesyon Jean Robert Philippe sou kesyon sa a ak lòt.
Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Clarens Renois