Delegasyon klub Madrid la mete fen nan vizit li t ap fè an Ayiti ak espwa gouvènman an, pati politik yo ak lòt sektè nan vi nasyonal la ap kontinye travay pou siyen Pak de gouvènabilite a .
Prezidan Martelly fè konnen chita tande ak delegasyon an sete yon rankont ki bay bon rezilta. Nan yon diskou li fè, prezidan an anonse eleksyon ki pral òganize nan peyi a ak amandman konstitisyonèl la. Prezidan an di li pran angajman pou l vanse pwosesis sa yo.
Ansyen premye minis fransè a, Lionel Jospin, ki se ko-prezidan delegasyon klub Madrid la fè konnen li satisfè de rankont la e gen yon gwo pa enpòtan ki franchi ant aktè politik yo ak aktè sosyete sivil la ann Ayiti. Pati yo te chita ansanm pou debat kesyon konsansis politik la.
Korespondan nou Rotchild François Junior gen detay depi Pòtoprens
Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Clarens Renois