Vis Prezidant’ Etazini an, Kamala Harris, ansanm avèk Prezidan Fransè a, Emmanuel Macron, patisipe nan yon seremoni ki dewoule nan vil Pari, jedi 11 novanm 2021 an, kote 2 ofisyèl yo make Jou Amistis la ki se an menm tan Jou Veteran Lagè yo Ozetazini.
Vis Prezidant Harris, ki sou 2èm jou yon vizit 5 jounen nan Pari, fè deplasman sa a nan kapital Lafrans la pou rechofe relasyon ant Washington ak Pari -relasyon ki gen tansyon depi pa twò lontan akoz yon mezantant ki pete ant 2 peyi yo poutèt yon biznis zam sofistike Etazini fè avèk Ostrali. Pari te fache paske sanble Washington ta pase sou kote pou l jwenn kontra a pito avèk Kanberra.
Klike sou video ki pi ba a pou w suiv yon repòtaj kote Lyonel Desmarattes ap ban nou detay sou jan Vis Prezidant Kamala Harris pase jounen 11 novanm nan an Frans.
Your browser doesn’t support HTML5
Vis Prezidant Kamala Harris make Jou Amistis la ak Fet Veteran yo nan Pari, Frans.