Vyolans nan Toronto, Kanada: 2 Moun ak Yon Atakan Mouri nan Katye Greektown

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Lapolis ki te ale sou plas ensidan, nan Ri Danforth, nan Toronto, Kanada, dimanch 22 jiyè 2018.

Nan Toronto, O Kanada, otorite yo fè konnen yon nèg ki te gen yon fizi nan men li tire sou 14 moun nan sware yè dimanch-la. Bilan: li touye 2 moun epi atakan an mouri tou nan echanj kout-zam ak lapolis. Temwen fè konnen yo te ka tande ant 20 a 30 kout-zam pati nan moman atakan an tap tire sou restoran ak bar-restoran pandan li t ap deplase a-pye nan yon ri nan katye Greektown, nan Toronto.

Chèf polis Toronto a, Mark Saunders, li menm tou, deklare 2 moun mourii yo te genyen 18 tan ak 10 zan. Daprè Misye Saners, te genyen yon boukantaj kout-zam ant kèk ajan-polis ak sispèk la; anketè ap travay pou yo konnen pou ki rezon atakan an poze zak li a e yo pa ekate okenn posiblite. Nan fen apre-midi jounen lendi 23 jiyè a, otorite yo potko idantifye sispèk la; yo di tou senpleman misye te genyen 29 van.

Moun ki t ap prese kite zòn kote nèg 29 van te ouvè koutzam sou restoran ak bar-restoran nan Toronto, Kanada, dimanch 22 jiyè 2018 la..

Majistra Toronto, John Tory, bò kote pa l, fè laprès konnen fiziyad sa a se yon siyn ki montre genyen yon pwoblèm zam-a-fe ki poze nan vil la. Li di: <<Daprè mwen, gen twòp moun k ap pwomennen ak zam-a-fe nan Toronto; nou pa ta dwe gen tout moun sa yo nan rejyon nou an. Nou te tèlman abitye ak yon vil kote bagay konsa pa t konn rive! Menm lè nou te konn wè sa rive lòt kote alantou nou, nou te panse sa pa t ap janm rive isit la! >>

Premye Minis kanadyen an, Justin Trudeau, li-menm, deklare sou kont Twitter li lendi:<< Pèp Toronto a se yon pèp ki gen fòs ak kouraj, ki pa bay legen fasil e ki brav. N ap la, bò kote yo, pou n ba yo apui yo bezwen nan moman difisil sa a.>>

Nan jou ki pase yo lapolis ajoute sou kantite ajan k ap bay moun pwoteksyon nan Toronto akoz yon ogmantasyon nan zak vyolans yo. Ensidan dimanch la dewoule 3 mwa sèlman aprè yon chofè ki te sou volan yon mini-van te fonse avèk li sou yon gwoup pyeton nan pati nò vil la kote li te touye 10 moun.