Prezidan Ayiti, Jovenel Moise, te ekri sou kont Twitter li lannuit 22 fevriye 2017 la kote li di se apre konsiltasyon ak prezidan 2 chanm yo, li deziye Doktè Jack Guy Lafontant kòm chèf gouvènman li a.
Prezidan ayisyen an Jovenel Moise, nan mitan, Prezidan Sena a Youri Latortue, agoch, ak prezidan chanm Depite yo Cholzer Chancy, adwat.
Doktè Lafontant, 56 zan, se pwofesè gastro-enteroloji nan Fakilte Medsin ak Famasi e Inivèsite Notre Dame. Guichard Dore, youn nan pòt pawòl PHTK e konseye politik chèf leta a ap pote presizyon sou anons la prezidan an fè sou kont Twitter li a.
Klike sou lyen odyo a anba tèks la pou tande deklarasyon Mesye Dore la.
Your browser doesn’t support HTML5
Deklarasyon Guichard Dore (PHTK) sou chwa Dr. Jack Guy Lafontant kòm Premye Minis Gouvènman Prezidan Jovenel Moise la
Sepandan, Vis-prezidan Gran Kò, Senatè Jean Marie Salomon di non Doktè Jack Guy Lafontant pat sou lis non moun ki te site pou pòs premye minis la.
Klike sou lyen odyo a anba tèks la pou tande deklarasyon Senatè Salomon an.
Your browser doesn’t support HTML5
Deklarasyon Senatè Jean Marie Salomon nan mikwo Jean Pierre Leroy