Itali-Vatikan: Lwa Ki Entèdi Fanm Vin Prèt nan Legliz Katolik la Pap Chanje Selon Deklarasyon Pap François

Pap François pale ak jounalis nan avyon ki tap mennen li nan vil wòm 1 Nov, 2016.

Pap François premye otorite Legliz Katolik la ekate lide pou òdone fanm kòm prèt. Pap la fè konnen entèdiksyon ki anpeche fanm tounen prèt nan Legliz Katolik Women an pap chanje.

Pap la pale konsa yè madi 1 novanm 2016 la abò yon avyon ki t ap mennen l tounen nan Wòm, apre yon vwayaj an Suèd, kote li t ap reponn kesyon yon repòtè fanm ki te fè wè ke chèf Legliz Lutheryen ki te akeyi l nan Suèd la se yon fanm.

Pap François reponn: “Konsènan òdone fanm nan Legliz Katolik Women an, Sen Pap Jean-Paul II te gen dènye mo li klè sou sa, e mo sa a pap chanje."