Ayiti-Finans: Bank Mondyal Pwomèt 20 Milyon Dola pou Sektè Enèji a; Bank Nasyonal Soti yon Rapò sou Frè $1,50 sou Transfè yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Lokal E-Power plant an nan Pòtoprens, Ayiti. 29 septanm 2010. Nouvo plan an fèt ak plizyè motè elektrik pou founi enèji.

Bank Mondyal anonse l ap bay administrasyon Moise/Céant an yon fon asistans 20 milyon dola pou sektè enèjetik peyi a. Oganizasyon finansyè entènasyonal la ofri Karavan Chanjman an yon asistans finansye 15 milyon 350 mil dola soti oktòb 2017 pou rive jwen 2018.

Elektrisite 24 sou 24 nan tout peyi a se youn pami pwomès Prezidan Jovenel Moise fè pou l reyalize pandan manda li sou pouvwa a. Ministè Anviwonman, Travo Piblik ak Agrikilti deja resevwa asistans finansye pou egzèsis fiskal la.

Dosye Frè $ 1,50 sou Tansfè:

Bank Repiblik Dayiti (BRH) pibliye premye rapò l sou taks 1 dola 50 frè transfè k ap soti ou byen kap antre nan peyi a depi 2011 pou finanse fon nasyonal edikasyon an (FNE). Dapre rapò BRH la, montan an depase 120 milyon dola. Rapò a endike plis pase 117 milyon dola ale nan trezò piblik la. Rès lajan an, plis pase 2 milyon dola toujou disponib nan Bank Repiblik d'Ayiti (BRH).