Fòs Sekirite Yo Touye 17 Moun Vandredi Nan Siri

Fòs Sekirite Yo Touye 17 Moun Vandredi Nan Siri

Militan fè konnen fòs sekirite siryen touye 17 moun pou pi piti vandredi 16 desanm nan pandan plis pase 200 mil moun te pran lari pou pwoteste kont gouvènman prezidan Bashar al-Assad la.

Selon menm sous la, pifò viktim yo se nan rejyon Homs yo tonbe. Homs se sant pifò kontestasyon kont rejim siryen an e anpil moun te rasanble nan vil la vandredi pou manifeste opozisyon yo kont desizyon Lig Arab la pran pou l ranvwaye yon reinyon "prese-prese" ki te dwe fèt sou sitiasyon an nan Siri e ki te fikse pou samdi 17 desanm nan.

Medya yo fè konnen Lig la te vle bay Damas plis tan pou l evite sanksyon k ap peze sou tèt li yo e aksepte yon plan pou mete yon pwen final nan rebelyon ki blayi depi mwa mas 2011 nan peyi arab sa a.