Bèljik-Atak: Lapolis Lage 3 Moun yo te Sispèk nan Atak Briksèl yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

2 ajan polis bèlj ki tap siveye antre-sòti yon katye pandan yon operasyon nan vil Briksèl.

Nan Briksèl, kapital Bèljik, otorite yo libere 3 moun yo te arete madi 12 avril 2016 la nan kad ankèt yap mennen sou atak ki te fèt nan vil Pari, an Frans, nan dat 13 novanm ane pase a -atak ki te koze lanmò 130 moun.

Pakè vil Briksèl la fè konnen, mèkredi 13 avril la, yo pa retni okenn akizasyon kont moun lapolis te arete yo. Otorite yo te mete men sou moun sa yo madi pandan yon fouy lapolis tap fè nan yon komin kapital la nan moman otorite bèlj yo lage yon koukouwouj dèyè responsab atak ki te fèt nan kapital Lafrans la ak sila yo ki te dewoule nan ayewopò ak metwo Briksèl la nan dat 22 mas pase a. Atak Briksèl yo te touye 32 moun.