Plizyè Palmantè Kritike Fason Nasyonzini Lanse Kanpay Asenisman an ann Ayiti

  • Jean Robert Phillipe

Yon viktim epidemi kolera a

Yon gwoup depite ayisyen reyaji apre Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, lanse pwogram asenisman pou konbat epidemi kolera a nan peyi a. Dapre palmantè sa yo òganizasyon entènasyonal la ta dwe dedomaje viktim yo tou. Avan lansman kanpay sa a, msye Ban te rekonèt òganizasyon entènasyonal la gen yon responsabilite moral pou ede viktim maladi kolera a men li pat pale kesyon dedomajman an.

Sekretè Jeneral Nasyonzini an pran angajman tou pou l chache 2 milya 200 milyon dola pandan 10 pwochèn ane yo pou elimine kolera nan nasyon Karayib la.

Klike sou "koute" agoch tèks sa a anba Multimedia pou n tande repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior