Ayiti: Lidè RNDDH la, Pierre Esperence, Apiye Chwa Normil Rameau nan Tèt Polis la

Your browser doesn’t support HTML5

Direktè egzekitif Rezo Nasyonal Defans Dwa Zimen (RNDDH), Pierre Espérance, apiye chwa nouvo DGPNH la, Normil Rameau. Sepandan lidè dwa moun nan kwè fenomèn ensekirite a ke Mesye Rameau vin eritye nan men predesesè li Michel Ange Gedeon an se yon ensekirite deta, zak pwòp otorite nan leta a kreye.