Politik USA: Sena a Apwouve Lejilasyon sou Defans pou Ane Fiskal 2022

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Sena ameriken an apwouve, mèkredi 15 desamm 2021 an, yon lejislasyon ki prevwa yon depans 770 milya dola pou defans peyi a.

Lwa a prevwa dekesman gwo lajan tou pou defans Ikrèn, pou apiye yon strateji pou defans Lewop avèk rejyon batik la.

Nan Washington, sena a vote ak yon gwo majorite vwa, nan fen jounen mèkredi 15 desanm nan, pou l apwouve yon vèsyon Pwojè Lwa sou Otorizasyon Depans pou Defans Nasyonal la. Lè Prezidan Joe Biden va siyen lejislasyon an pou fè l tounen yon lwa, l ap otorize depans ka p monte rive jiska 770 milya dola pou defans peyi a –swa 25 milya dola plis pase sa prezidan an te mande.

Klike sou video ki pi ba a pou w genyen plis detay avèk Lyonel Desmarattes.

Your browser doesn’t support HTML5

Sena vote yon pwojè lwa ki bay 770 milya dola pou defans nasyonal Etazini.