Gwoup militan nan peyi Liban, Hezbollah, menase madi 20 desanm 2016 la pou l atake dènye zòn ki anba men rebel yo nan Alèp. Gwoup la fè konnen fòs siryen yo lanse dènye apèl la pou mande moun kite yon zòn nan kèk distri nan lès Alèp ki rete anba kontwòl twoup opozisyon yo.
Rebèl yo ak moun nan popilasyon sivil la nan yon katye nan Alèp kap tann otobis evakyasyon an pou yo kapab kite zòn danjere sa a nan Siri. 18 desanm, 2016.
Menas sa a ka andikape efò ant plizyè nasyon pou evakye plizyè milye sivil ki bloke toujou nan vil la ki anba syèj.
Group militan Hezbollah a ap goumen pou sipòte fòs Prezidan siryen Bashar al-Assad tout pandan konfli a depi prèske 6 lane.
Militan siryen yo estime ke jiska 3 mil moun rete toujou nan lès Alèp. Rebel yo te sezi vil sa a an 2012 nan kad yon estrateji pou jete gouvènman Assad-la.