<!-- IMAGE -->
Sekretè-Jeneral L'ONU an Ban Ki-moon deklare Iran gen responsablite pou'l klarifye dout ak enkyetid ki genyen konsènan pwogram nikleyè'l la.
Msye
Ban di li ankouraje prezidan iranyenn an Mahmoud Ahmadinejad pou'l fè
yon “dyalòg konstriktif” e pou'l aksepte pwopozisyon Ajans
Entènasyonal Enèji Atomik la fè'l konsènan konbistib nikleyè a.
Sekretè-jeneral
LONU an fè deklarasyon sa a nan ouvèti konferans sou trete
non-proliferasyon nikleyè a. Konferans sa a – kap dire yon mwa – ap
dewoule nan nasyonzini.
Prezidan iranyen an genyen pou'l pran
lapawòl jodi a nan konferans la, e li genyen pou'l rankontre ak
sekretè-jeneral L'ONU an Ban Ki-moon.