Accessibility links

Breaking News

Ahmadinejad, Clinton Pral Pale Pandan Konferans Nikleye L'ONU


<!-- IMAGE -->


Prezidan iranyen-an, Mahmoud Amadihnejad, genyen pou l pran lapawòl Jodi lendi-a, nan kòmansman yon konferans sou Trete Non-Pwoliferasyon Nikleyè-a nan New York, kote obsèvatè-yo atann-yo aske li defann pwogram nikleyè peyi-l-la.

Misye Amadinejad rive New York byen bonè jodia e li genyen pou l pwopoze kèk chanjman nan trete-a, an menm tan ke l pral lonje dwèt sou efò Lèzetazuni ap deplwaye pou l fè enpoze yon nouvo seri sanksyon sou peyi-li akoz Iran ap anrichi uranyòm, yon eleman enpòtan nan fabrikasyon zam nikleyè.

Sekretè-deta ameriken-an, Hillary Clinton --ki tap pale sou dosye-a yè dimanch-la-- fè konnen lidè iranyen-an byen kapab sèvi ak diskou-l-la pou l detounen atansyon moun ta dwe fikse sou le fèt ke Iran pa konfòme l ak Trete sou Non-pwoliferasyon Nikleyè-a.

XS
SM
MD
LG