<!-- IMAGE -->
Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, kondane ak tout fòs li Iran li di kap fè tout sa l' kapab pou detounen atansyon sou anbisyon nikleyè li–anbisyon li fè konnen ki mete le mond andanje.
Chèf Diplomasi amerikèn nan, ki te pran lapawòl nan katye-jeneral l'ONU an nan kòmansman Konferans sou Trete non-pwoliferasyon zam nikleyè a, mande penalite otomatik pou peyi ki vyole trete a olye Nasyonzini sèvi ak diplomasi avan li dekrete sanksyon kont nasyon "koupab la".