Nan peyi La Chin, media leta-a rapote omwen 400 moun pèdi lavi-yo nan yon gwo tranblemanntè ki frappe lwès peyi a byen bonè jodi Mèkredi a.
Nouvèl-yo di 8,000 moun blese nan tranblemanntè 6.9 sou echèl riktè-a ak plizyè replik ki frapre provens Qinghai, ki sitiye ant la Chin ak rejyon Tibet.
Otorite nan rejyon-an di plizyè douzèn kay ak lekol nan awondisman Yushu, nan Tibet, efondre ak anpil elèv ki toujou bloke anba debri-yo.