Accessibility links

Breaking News

Chin: Sekouris Ap Lute pou Jwenn Suvivan Tranbleman De Tè a



Nan lwès peyi la Chin, sekouris-yo ap lute anba gwo fredi pou eseye jwenn plis moun ki ta suviv nan gwo tranblemanntè ki frappe la Chin e ki touye omwen 617 moun semèn sa-a.

Plis ke 10,000 moun blese e plis ke 300 lot disparèt nan tranblemanntè sa-a ki te mezure 6.9 sou tablo riktè-a.

Anpil lekol kraze nan dezas-la e anpil elèv antere anba debri yo. Ajans nouvel ofisyel chinwa-a Chin Nouvel di 66 etudyan ak 10 profesè mouri nan sekous-la.

XS
SM
MD
LG