Biden Ankouraje Izrayèl pou l Mete Dlo nan Diven li pou Konfli Mwayen Oryan an pa Gaye Pi Plis

Prezidan Joe Biden rive Delaware abo avyon prezidansyel Air Force One nan New Castle, 12 Avril 2024.

Lezetazini ap mete aksan sou wòl lap jwe nan jefò pou ede Izrayèl kwape atak ayeryen Iran te lanse kont li.

Prezidan Joe Biden konvoke Dimanch lidè peyi ki fè pati Gwoup dè 7 la, pou eseye anpeche konfli rejyonal nan Mwayen Oryan an pran plis anplè epi kowòdone yon kondanasyon Teheran.

Etazini ede Izrayèl desann plizyè douzèn dron ak misil Iran tire kont li Samdi.

Otorite Izrayelyen yo di yo desann 99% zam Iran lanse kont yo san yo pat koze domaj siyifyan.

Otorite Ameriken yo di malgre Teheran lapide Izrayèl ak yon pakèt zam, objektif Teheran pou "detwi epi touye moun" pat ranpòte siksè.

Etazini di si atak la te gen siksè, li tap koze yon ogmantasyon "enkontwolab" konfli a toupatou nan Mwyen Oryan an.