Ensidan sa a rive nan kalfou rond point al Nabusi nan pati lwès vil la.
Lame Izrayèl la di nan yon kominike ke dè douzèn moun blese pandan len t ap pouse lòt, kote yon foul moun t ap chache pran èd nan kamyon pandan yon livrezon nan nò Gaza. Lame a di ankò gen ankèt ki ap fèt sou ensidan an.
Yon lòt kote nan Gaza, Fòs Defans Izraelyen yo rapòte ke yo lanse operasyon atè nan nò Gaza, epi lanse frap aeryen nan zonn Khan Younis nan sid la.
Nan vil Jenèv, an Swis, responsab dwa moun nan l-ONU Volker Turk di ke tou le 2 kan yo nan lagè Izrael-Hamas la komèt krim lagè.