Ofisye Avyasyon Militè Ameriken Jwenn kakas Avyon Amelia Earhart Ki te Tonbe nan Lanmè

  • Serge Michel

(FILES) Undated picture taken in the 30' s of US aviator Amelia Earhart looking trough the cockpit window of her plane.

Yon ansyen ofisye sèvis ransèyman Avyasyon Militè Etazini fè konnen li kwè li jwenn kakas avyon Amelia Earhart la, ki te disparèt, sa gen 9 dizèn lane, nan lanmè

Oseyan Pasifik la, e li te sèvi ak enfòmasyon ki rele sonar ke l ranmase gras ak yon dronn li mete nan fon lanmè a.

Ak espwa pou rezoud yon mistè ki la depi 87 lane, Tony Romeo, ki t ap fè rechèch anba lanmè a, gen plan lanse yon misyon ane sa a oubyen lòt ane pou jwenn avyon an, bagay ke anpil rechèch Ameriken pa te reyisi fè an 1937.

Romeo, ki se chef ekzekitif konpayi prive Deep Sea Visyon, Vizyon nan Fon Lanmè, kwè ke kakas avyon Earhart la kouche anba lanmè oseyan an nan pwofondè plis pase 5000 mèt, oubyen 16400 pye anba dlo, nan distans apeprè 160 kilomèt ak zile Howland, preske nan bo mitan Hawaii ak Ostrali.

Romeo di imaj yo moutre sa ki sanble yon avyon ki menm gwosè ak aparèy Earhart la, ki sete yon model Lockheed 10-Electra.

Li di sa l gen pou fè kounyea se mete avyon an deyò pou restore li.