Polòy Ogmante Prezans li sou Fwontyè ak Belaris

  • Serge Michel

UKRAINE-CRISIS/POLAND-BELARUS

Polòy ogmante prezans li sou fwontyè li ak Belaris apre li di ke 2 elikòptè te vyole espas aeryen li.

Polòy ogmante prezans li sou fwontyè li ak Belaris apre li di ke 2 elikòptè te vyole espas aeryen li.

Yon lòt kote, otorite nan Ikrèn di mèkredi atak ak dronn LaRisi donmaje enstalasyon pò nan rejyon Odesa nan sid Ikrèn, pandan ke dronn ke LaRisi lanse te vize tou kapital Ikrèn nan.

Lame Ikrèn fè konnen atak ris la donmaje yon asansè pou sereyal e lakoz dife nan enstalasyon endistriyèl ak pò nan Izmail.

Oleh Kiper, ki se gouvènè rejyon Odesa, di sou Telegram ke atak ris la fè dega men ke pa gen nouvèl sou moun ki ta blese. Izmail se yon bouk ki arebò flèv Danub, pa lòt bò flèv la se peyi Woumani, e li te sèvi kòm yon lòt chwa kòm pò pou Ikrèn ekspòte sereyal li depi LaRisi te rale soti nan akò sereyal Lanmè Nwa a.

Biwo Prezidan Tiki, Tayyip Erdogan, di Putin ke li ap kontinye travay pou resisite akò a. Anvan LaRisi te kite l, Moskou te konplenn ke yon lòt akò pou fasilite li ekspòte pwòp sereyal ak angrè li, yo pa te respekte li.