Lajistis Nouvo Meksik Akize Yon Ansyen Kandida Repibliken nan yon Seri Fiziyad

Solomon Pena poze pou yon foto apre arestasyon li nan Albuquerque, Nouvo Meksik, 17 Janvye 2023.

Yon kandida Repibliken dechi otorite yo di te vekse apre defèt li nan eleksyon Novanm nan epi ki te lanse akizasyon san fondman pou di kòm kwa te gen koken ap fè fas ak akizasyon la jistis an koneksyon ak yon seri fiziyad.

Dapre otorite yo yon moun ki te nan yon machin louvri zam sou kay palmantè Demokrat pi gwo vil eta Nouvo Meksik la.

Lapolis vil Albaquerque di ekip SWAT arete Solomon Pena Lendi e yo remèt ba li manda ki ba yo pemisyon fouye kay li.

Chèf Lapolis Harold Medina dekri Pena tankou lidè yon konplo politik ki te gen patisipasyon 4 lòt gason kote yo te tire sou kay 2 komisè awondisman an ak 2 palmantè eta a.

Pena dekri tèt li sou rezo sosyal yo kòm "Wa MAGA a" (Fet Etazini Gran Ankò).