Pap François Anonse Ke Sante Ansyen Pap Benwa pa Bon Ditou

  • Serge Michel

Pap Benwa 16 Tanmen Vandredi yon Toune nan Meksik

Pap François anonse jodi mèkredi a ke sante ansyen Pap Benwa pa bon ditou.

Pap la, ki t ap pale nan rankont jeneral li, mande priyè espesyal pou Benwa.

« Mwen ka konfime le nan kèk ed-tan ki pase yo, pwoblèm sante yo vin pi grav akoz laj ki antre, » se sa pòtpawòl Vatikan Matteo Bruni te di nan yon kominike. Li di, « sityasyonan pou kounyea rete sou kontwòl, e doktè ap swiv li san rete.”

Vatikan fè konnen Pap François t-al vizite Benwa.

Ansyen Pap sa a ki gen 95 lane sou tèt li te demisyonnen an 2013, e li te di ke, antwòt bagay, sante fizik ak mantal li t ap desann, e li te tounen premye pap ki fè sa depi 600 lane. Depi lè a, l ap viv nan yon kouvan nan Vatikan.