Accessibility links

Breaking News

Pap la Di Li Gen Yon Lèt Demisyon Sizoka Li ta Gen Pwoblèm Sante


Pope Francis meets with Seminarians of the Diocese of Rome during his 86th birthday at the Vatican, Dec. 17, 2022.
Pope Francis meets with Seminarians of the Diocese of Rome during his 86th birthday at the Vatican, Dec. 17, 2022.

Pap Franswa revele, yon ti tan apre li te eli kòm Souvren Pontif an 2013 li, te ekri yon lèt demisyon pou si l ta gen pwoblèm medikal ki ta anpeche l kontinye dirije legliz la .

Nan yon entèvyou chef Legliz Katolik bay e ki parèt nan yon jounal Panyòl nan ABC, li presize li te renmèt nòt la bay kadinal Pietro Parolin k ap jwe wòl sekretè deta Vatikan an.

Pap Franswa, ki fenk gen 86 lane samdi 17 novanm nan, fè operasyon nan jenou , sa ki te oblije l itilize yon chèz woulan pandan plizyè mwa.

Kounye a li plis sèvi ak yon ti baton pou l mache. Pap la pa bay pwoblè deplasman an twòp enpòtans lè l di : "Ou pa gouvène ak jenou "

XS
SM
MD
LG