Pwokirè Tribinal Penal Entènasyonal (CPI) Konfime Kondanasyon Dominic Ongwen Yon Sitwayen Peyi Ouganda

Dominic Ongwen appears before the International Criminal Court (ICC) in The Hague

Jedi 15 desanm 2022 a , Tribinal Entènasyonal la (CPI) konfime kondanasyon pou krim lagè ak krim kont limanite kont Dominic Ongwen, ki te fè pati sa yo rele "timoun sòlda " --- sa vle di li te nan aktivite kriminèl depi lè li te timoun .

Li te fèt nan peyi Ouganda ann Afrik, e li te vin tounen yon kòmandan prensipal nan Lame Rezistans Seyè a (LRA) .

Prezidan triubinal la , jij Luz del Carmen Ibáñez Carranza te di yo te " rejte tout demand apèl ekip defans lan te fè". Li ajoute, tribinal la ap gen pou deside pita sou apèl avoka Ongwen fè kont santans 25 ane prizon an.