Larisi: Ansyen Prezidan Medvedev Envoke Lagè Nikleyè si Tribinal Penal Entènasyonal la (CPI) Ta Deside Kondane Moskou

Putin and icc

Ansyen prezidan Ris Dmitry Medvedev envoke Mèkredi posiblite pou lagè nikleyè ta pete si Tribinal Penal Entènasyonal la (CPI) ta deside kondane Moskou pou swadizan krim lagé nan Ikrèn.

Medvedev, ki se yon alye pwòch Prezidan Vladimir Putin, te deklare sou Telegram:"Lide pou kondane yon peyi ki gen pi gwo asenal nikleyè absid. "

"Epi potansyèlman sa ap kreye yon menas pou egzistans limanite," li ajoute.

Medvedev, ki te prezidan ant 2008 ak 2012, kounye a nan tèt Konsèy Sekirite prezidan an.

Li te akize Lèzetazini kom kwa li vle mete Moskou devan tribinal entènasyonal la, alòske li pa janm fè fas a pinisyon pou pwòp lagè pa l yo ki, dapre li, te lakòz 20 milyon moun mouri atravè lemond.

Medvedev, ki gen 56 an, te di: "An antye istwa Ameriken an, kòmanse nan repwesyon Endyen yo, se lagè sanglan ak ratibwazman."

Depi Putin te voye twoup yo nan Ikrèn nan dat 24 fevriye, Medvedev te regilyèman prezan sou rezo sosyal yo pou kontrekare tout moun ki kritike Moskou.