Nan yon Somè Entènasyonal, Biden Mande yon Aksyon Mondyal kont KOVID-19

President Joe Biden and leaders from the Association of Southeast Asian Nations (ASEAN) arrive for a group photo on the South Lawn of the White House in Washington on May 12, 2022.

Prezidan Joe Biden lanse yon apèl jedi bay lidè mondyal yo pou l mande yo ranfòse efò y ap fè pou yo fè fas ak pwochen faz pandemi KOVID-19 la, nan moman Lezetazini atenn yon pwen kritik nan lit kont maladi a –kote Biden mande Kongre a plizyè milya dola lajan dijans pou l kontinye lit la

Nan yon mesaj pre-anrejistre Biden mete devan delege k ap patisipe nan 2èm Somè sou KOVID Etazini ko-patwone avèk Beliz, Lalmay, Endonezi ak Senegal, li deklare: “Jodi a, n ap make yon moman enpòtan isit Ozetazini: Nou anrejistre yon milyon moun ki mouri anba KOVID.”

Biden ajoute:

“Atravè lemond, plizyè milyon lòt moun mouri. Dè milyon timoun ap viv san paran, tandiske plizyè milye moun ap mouri chak jou. Lè a rive kounyela a pou n pase alaksyon. Nou tout ansanm. Se nou tout ki pou fè plis efò; nou dwe onore sila yo ke nou pèdi; nou dwe fè tout sa n kapab pou n evite mezi lanmò ke nou kapab.”

Lèzetazini ap patisipe nan somè a san okenn angajman bò kote Kongrè a pou l otorize dekesman 5 milya dola Biden mande pou finanse lit kont KOVID la atravè lemond.