Plizyè Eksplozyon nan Transdnistri

The coat of arms of Transnistria is depicted on a banner in central Tiraspol, self-styled capital of the pro-Russia separatist region in eastern Moldova, May 5, 2022.

Otorite yo nan Transdnistri ki se yon rejyon Separatis , nan Moldavi, anonse samdi te gen 4 eksplozyon ki rive nan rejyon an toupre yon ansyen avyasyon nan yon vilaj ki toupre fwontyè yo genyen ak Ikrèn. Otorite yo pa mansyone okenn viktim nan atak yo.

Repiblik " Transdnistri te Oto-pwoklame tèt yo endepandan te separe de peyi Moldavi nan ane 1992. Depi lè sa a, gen anviwon 1,500 sòlda Ris ki tabli sou tèritwa a.

Dapre sa temwen di AFP, gen plizyè ensidan ki rive e mount e ka tande katouch ki tap chante ak plizyè eksplozyon.