Ayiti-Eleksyon: KEP a Anonse Piblikasyon Rezilta Konstestasyon yo pou Vandredi 27 Me 2016 la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Bwat bilten

Jij yo nan Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal la (BCEN) pase jounen madi 24 me 2016 la ap travay nan sant tabilasyon an pou yo analize rès dosye 98 ka kontestasyon kandida yo te soumèt devan KEP a. Pòtpawòl KEP a, Nicole Siméon, fè konnen rezilta definitif pou kontestasyon konsènan eleksyon minisipal yo ap parèt pa pi ta ke vandredi 27 me kap vini la.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 25 me 2016 la

Yon lòt kote, Prezidan pati politik Concorde Nastionale, Frantz Guillaume, mande prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, fè yon rankont ak tout aktè yo pou chache jwenn yon konsansis nasyonal avan Komisyon Evalyasyon ak Verifikasyon Elektoral la pibliye rapò l sou eleksyon 2015 yo.

Bò kote pa l, reprezantan pati Fanmi Lavalas nan sant tabilasyon an, ansyen Senatè Ivon Feuillé, mete devan otorite ayisyen yo yon pwopozisyon kòmkwa pou yo ta itilize vòt elektronik pou òganize bon jan eleksyon nan peyi a. Misye Feuillé ankouraje leta ayisyen pou l itilize konesans teknisyen k ap travay deja nan sant tabilasyon an.

Yon delegasyon wo nivo Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la vizite vil Okay nan junen madi 24 me 2016 la, swa yon semèn anviwon apre nèg ame te atake komisarya polis vil la. Delegasyon sa a te gen ladan n Minis jistis la, Camille Edouard Junior, ak direktè a.i. PNH la, Michel-Ange Gédéon.

Anfen yon palmantè denonse fason otorite yo ap jere grèv ki paralize lopital piblik yo nan nan peyi a. Daprè Senatè Carl Murat Cantive, prezidan komisyon sante nan gran kò a, genyen plizyè mwayen otorite yo kapab itilize pou yo satisfè demand doktè yo ak lòt manm pèsonèl sant ospitalye yo atravè peyi a.