Maryaj 2 Moun Menm Sèks nan Referandòm nan peyi Irland

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon patizan repons "Wi" a kanpe devan yon gwo siyn "YES" nan sant vil Dublin, nan Irland. (Foto: Jedi 21 me 2015).

Nan Irland, yon peyi kote moun yo konsèvatè anpil-anpil sou plan sosyal la --sètadi, yo pa tèlman renmen wè chanjman fèt nan fason sosyete a ap fonksyone-- sitwayen yo ap vote vandredi 22 me 2015 la nan yon referandòm pou amande konstitisyon an yon fason pou legalize maryaj 2 moun ki gen menm sèks (gason ak gason, fi ak fi).

Si se vòt "wi" a ki pase, Irland ap tounen premye peyi nan lemond ki apwouve maryaj omoseksyèl a travè yon vòt popilè. Sou kontinan ewopeyen an, maryaj ant 2 moun menm sèks legal nan plis pase 12 peyi. Li legal tou lòt kote sou latè, tankou nan peyi Ajantin, Brezil, Kanada, Nouvèl Zeland, Afrik di Sid ak Irigwe.