Vizit 2 Ofisyèl Depatman Deta a nan Pòtoprens : Thomas Adams ak Kent Pokenshire.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Thomas Adams, Kowòdonatè Depatman Deta pou Ayiti.

Kowòdonatè espesyal Depatman Deta a pou Ayiti,Thomas Adams, avèk nouvo asistan li Kent Pokenshire, vizite palman ayisyen an kote yo rankontre ak prezidan sena a, Andris Riche, e 6 lòt palmantè madi 24 fevriye 2015 la. Senatè Riché, ki tap pale ak jounalis yo aprè rankont la, deklare Misye Adams ak Misye Pokenshire mete aksan sou nesesite pou eleksyon dewoule ann Ayiti pandan ane 2015 la. 2 ofisyèl Depatman Deta a fè vizit sa a nan moman sena ayisyen an ap fonksyone ak 10 manm depi 12 janvye 2015.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti -mèkredi 25 fevriye 2015

Yon lòt kote, Kolektif 4 Desanm nan, an kolaborasyon ak plizyè lòt òganizasyon, ap mete yon mach pasifik soupye nan jounen mèkredi 25 fevriye 2015 la nan Pòtoprens pou denonse atak k ap fèt sou ayisyen k ap viv an Repiblik Dominikèn. March la ap sòti sou Plas Dessalines nan, lap pase devan Ministè Afè Etranjè epi li pral fini devan anbasad dominikèn nan nan Petionvil. Oganizastè yo di march la reprezante siy pwotestasyon apre enkoni te touye epi pann yon travayè ayisyen sou yon plas piblik nan vil Santiago de Los Caballeros, nan Repiblik Dominikèn.

Anfen Komisyon Nasyonal pou Modènize Transpò Piblik la òganize premye atelye travay li madi 24 fevriye 2015 la. Minis Afè Sosyal la, Pwofesè Victor Benoit --ki se manm komisyon an-- di objektif atelye a se amenaje yon espas pou dyalòg reflechi fèt ant diferan aktè nan sektè transpò a sou pri pwodwi petwolye yo epi fikse pri transpò an komen an. Sendikalis Méhu Changeux, ki fè pati komisyon an, deklare atelye sa a te gen patisipasyon divès espsyalis ki te gen pou bay manm komisyon an konsèy sou pozisyon yo pral adopte sou diferan kesyon ki nan deba yo. Misye Changeux raple wòl komisyon an se chache rezoud pwoblèm pri gaz la poze sou mache lokal la, san bliye konsekans dirèk sa genyen sou pri transpò piblik la.