6èm. Mesaj Prezidan Obama sou Eta Inyon an - Li Prezante yon Tablo Jeneralman Pozitif

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Barack Obama pandan li tap prezante mesaj sou Eta Inyon an.

Prezidan Barack Obama prezante 6èm mesaj li devan 2 chanm kongrè reyini nan sware jounen madi 20 janvye 2015 la. Lidè ameriken an bay detay sou politik nasyonal li --nan yon koutje sou sitiyasyon jeneral la Ozetazini-- ak politik entènasyonal li --swa rapò Lèzetazini ak rès mond la. Misye Obama deklare: “Lonbraj kriz yo pase, e Eta Unyon an fò, solid e djanm.”

Sou plan politik entènasyonal la, Prezidan ameriken an bay detay sou rezon ki fè administrasyon n nan pa vle prese mete sanksyon sou Iran poutèt pwogram nikleyè peyi sa a. Li te gen yon mo espesyal sou desizyon administrasyon n nan pran pou l retabli relasyon diplomatik ak Kiba. Sou pwen sa a, Msye Obama di:

Sitwayen ameriken, Alan Gross, ki te jwenn libète l sa pa gen lontan apre li te pase 5 kan nan prizon nan Kiba. Li te yon envite espesyal Prezidan Obama.

”Lè wap fè yon bagay depi 50 tan e li pa bay bon rezilta, li lè li tan pou w eseye yon lòt bagay. Dayè, chanjman nap pote nan politik nou vizavi Kiba gen kapasite pou l mete fen nan yon eritaj ki baze sou mefyans nan emisfè nou an. Li elimine yon fo ekskiz pou n mete restriksyon sou Kiba. Li defann prensip demokratik yo, epi li lonje yon men damitye bay pèp kiben an."

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Etazini -mèkredi 21 janvye 2015

Senatè Iowa a Joni Ernst te pale nan non Pati Repibliken an, ki kontwole tou lè 2 chanm kongrè a, poul pote repons pati pou mesaj Prezidan an. Madam Ernst, premyè ansyen konbatan-fanm ki rive okipe yon pòs nan sena a, pwomèt repibliken yo pral konbat teworis, fè refòm nan sistèm taks Lèzetazini an epi mete lòd nan bidjè nasyonal la.

" Nou pral pwopoze kèk lide k ap ede n koupe sou depans k ap gaspiye lajan Leta, balanse bidjè a pandan n ap pote bon jan refòm nan peyi a kote nou pap mete plis taks sou pèsonn, jan Prezidan an pwopoze sa."

Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la pale ak analis politik Frantz-Antoine Leconte e Robert Benodin ki bay reyaksyon yo sou mesaj Prezidan Obama a ak repons Senatè Iowa a, Joni Ernst.