Sena Ayisyen an Pwopoze Prezidan Martelly yon Plan Sòti de Kriz an 5 Pwen.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Manm Sena Ayisyen an pandan yon seyans travay (foto achiv)

Ann Ayiti, Sena a pwopoze Prezidan Michel Martelly yon pre-akò politik an 5 pwen pou evite peyi a tonbe nan tyouboum apre 12 janvye 2015, dapre deklarasyon senatè Nòdès la, Jean Baptiste Bien-Aime. Senatè a raple lidè ayisyen an manm palman an dwe konplete manda yo a pati de dat yo te prete sèman an.

Yon lòt kote, lidè Inisyativ Sosyete Sivil la, pwofesè Rosny Desroches, eksprime enkyetid li genyen konsènan volonte reyèl Chèf Deta a pou l fòme yon gouvènman konsansus. Misye Desroches konsidere chwa Doktè Florence Duperval Guillaume pou plas Premye Minis Enterimè a kòm yon manipilasyon pou pèmèt Prezidan an gen kontwòl sitiyasyon an apre 12 janvye 2015, dat kote manda yon 2èm tyè sena a ak tout chanm depite a ap pran fen legalman.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti: mèkredi 24 desanm 2014

Deba sa yo ap fèt nan moman Prezidan Martelly ap pare pou l deziye yon Premye Minis konsansis apre li va fin jwenn yon antant ak klas politik la.

Anfen, yon branch nan opozisyon an -ki gen lada n Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD), ap òganize, mèkredi 24 desanm 2014 la, premye nan yon seri manifestasyon ki pwograme yon fason pou yo pran fen nan dat 1 janvye 2015 la, ak objektfi pou egzije demisyon Prezidan Martelly. Pati opozisyon sa yo rejte tout envitasyon chèf deta a voye bay yo pou yo negosye ak li sou mwayen pou rezoud kriz politik la.