Nouvèl ki sòti Tripoli, kapital peyi Libi fè konnen yon gwoup milisyen ki fidèl anvè yon jeneral retrete anonse yo sispann palman an aprè yo te lanse yon atak sou palè lejislatif la. Fòs rebèl yo, ki gen nan tèt yo ansyen jeneral Khalufa Haftar, mache pran lokal palman an daso nanjounen dimanch 19 me 2014 la nan Tripoli, kote yo ouvè koutzam sou batiman an epi yo piye biwo palmantè yo.
Moun te kapab wè lafimen ki tap monte sou tèt palman an. Koutzam lou ki tire yo rive fè dega sou batiman ki ozalantou palè lejislatif la. Yon ansyen ofisye lame, Kolonel Mukhatar Fernana --yon nèg moun konsidere kòm yon alye jeneral Haftar-- li tèks yon deklarasyon milisyen yo fè parèt; kolonel la fè lekti a pandan li tap pale sou antèn chèn televizyon al-Ahrar nan Tripoli. Yon pati nan deklarasyon an di :
” Nou anonse sispansyon tout operasyon Kongrè Nasyonal la. Li pa pral jwe okenn wòl ankò nan sa k gen rapò ak kesyon souverènte nasyonal peyi a, ni sa k konsènen kesyon lejislatif ou administratif yo.”
Daprè nouvèl ki pa konfime, gen 2 moun ki mouri e anviwon 50 lòt blese nan zak vyolans ki dewoule nan jounen dimanch la nan kapital Libi a, Tripoli. Zak vyolans sa yo rive aprè konfwontasyon te fèt vandredi pase a nan vil Benghazi, nan pati lès Libi, ant lame nasyonal la ak milisyen islamik yo. Nan yon konferans pou laprès ki dewoule byen bonè lendi, minis jistis pwovizwa libyen an, Salah al-Marghani, denonse zak vyolans yo. Minis Marghani deklare :
«Gouvènman an kondane ekspresyon opinyon politik atravè itilizasyon lafòs, kèlkwa swa moun ou pati ki itilize l la. E li lanse apèl pou l mande yon fen rapid nan itilizasyon lasnal militè peyi a. »
Nouvèl la di moun poko konnen si jeneral retrete Khalifa Haftar genyen ase fòs avèk li pou l mentni lòd nan peyi a.