Venezuela-Vyolans / Manifestasyon Anti Maduro ap Kontinye.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon nèg ap pote yon manifestan anti-gouvènmental ki blese pandan yon pwotestasyon kont rejim Presidan Nicolas Maduro a nan vil San Cristobal (Foto: 18 mas 2014).

O Venezuela, plizyè santèn opozan gouvènman Prezidan Nicolas Maduro a òganize yon retrèt-o-flanbo, tadiske divès lòt pran lari kapital la, Caracas, mèkredi 19 mas 2014 la, yon jou aprè yon anplwaye Leta te mouri anba bal pandan li tap eseye deplase barikad ki te enstale nan vil la.

Opozan yo òganize retrèt-o-flanbo a sou Plas Altamira a kote divès konfwontasyon dewoule ant fòs sekirite yo ak manifestan anti-gouvènmantal yo. Youn nan manifestan yo, Yerli Mendez, di poukisa li pat ezite pran beton an e li pral kontinye manifeste kont rejim an plas la. Madam Mendez deklare :

« Si m pa leve-kanpe jodi a, mwen pap kapab viv nan peyi sa a. Mwen pral oblije al viv nan yon lòt peyi, e mwen pa vle al viv nan yon lòt peyi. Mwen vle pou pitit mwen yo tou kontinye viv nan peyi sa a, pou yo viv an sekirite, pou yo kapab sikile nan lari nòmalman, pou yo genyen yon edikasyon de kalite. Malerezman se pa sa nou genyen nan peyi a jounen jodiya. Sa nou genyen, se yon rejim diktatoryal. »

Depi seri manifestasyon yo te kòmanse nan mwa fevriye a, Prezidan Maduro pa sispann defann fòs sekirite yo ki tonbe anba akizasyon deske yo utilize fòs depase limit pou yo kontwole mouvman pwotestasyon yo. Minis defans venezuelyen an, Carmen Melendez, di si lame oblije antre nan zafè a, se paske lapolis pat kapab mete kontwòl sou manifestan yo. Minis Melendez di :

« Lapolis nan komin sa a pat kapab kite moun vyolan sa yo okipe espas jewografik sa a. Se poutèt sa, polis bolivaryèn nan te mande entèvansyon gad nasyonal la; men yo te fè sa a la dènye minit sèlman pou yo te kapab kontwole vyolans la. »

Manifestan yo mande pou Prezidan Maduro bay demisyon n paske, daprè yo, gouvènman n nan pa rive rezoud pwoblèm Venezuela ap konfwonte jounen jodi a, tankou manje ki pa genyen nan peyi a epi to kriminalite a ak enflasyon ki monte rive disèt wòtè.