Venezuela-Vyolans Politik / Medyasyon yon Gwoup Lidè Latino-Ameriken

Yon manifestan anti-govènmantal tap eseye mete dife nan yon barikad tandiske lapolis tap sèvi ak kout kannodlo pou touye dife a nan Karakas. (Foto: 12 mas 2014).

Yon gwoup lidè latino ameriken fè konnen yo pral voye yon komisyon ministeryèl nan peyi Venezuela pou lanse yon chita-tande pou mete fen nan vyolans ki deja touye omwen 25 moun depi mwa fevriye pase a. Minis afè etranjè chilyen an, Heralro Munoz, ki sèvi kòm pòt-pawòl gwoup la, deklare:

« Selon yon trete ke UNASUR etabli, òganizasyon rejyonal sa a angaje l nan pwomosyon demokrasi. Kòm yon òganizasyon, nou ka ede Venezuelyen yo kanpe djanm sou pye yo epi ede yo jwenn yon wout kap debouche sou dyalòg politik, yon wout kap mennen nan lapè. UNASUR ka tounnen yon òganizasyon konstriktif e itil lè yon peyi-zanmi ap soufri anba tansyon.”

Pandan minis afè etanjè 12 peyi Amerik di Sid tap rankontre nan Chili pou yo chache tabli yon mach-a-swiv pou mete fen nan larivyè san kap koule o Venezuela, 3 moun mouri nan eta Carabobo, nan peyi sa a. Pami viktim yo gen yon kaptèn lame. Vyolans te pete tou nan Caracas nan jounen mèkredi 12 mas 20134 la, lè manm gaad nasyonal la te antre nan lese-frape avek moun ki kont gouvènman Prezidan Maduro a ; lese-frape sa yo fèt pandan manifestasyon anti-gouvènmantal tap dewoule nan kapital la. Youn nan manifestan yo deklare :

« Kouman li fè posib pou yap atake nou konsa? Fòs sekirite yo ta sipoze ap defann nou pito. Nou bouke atò avèk atak sa yo kap dewoule chak jou. Nou vin la a pou n pwoteste tou senpleman ; men yo pa vle nou pran lari, e yap chache kraponnen nou ».

Manifestasyon vyolan sa yo mete gwo presyon sou administrasyon Prezidan Nicolas Maduro a ki sou pouvwa depi 10 mwa. Misye Maduro rejte apèl manifestan yo lanse pou yo mande demisyon n; sa vin ogmante kòlè moun ki te deja ap pwoteste akoz mank manje, to krim kap vale teren nan peyi a, avèk to enflasyon an ki monte rive 17 wotè.