Destriksyon Zam Chimik Nan Siri yo Ap Kontinye

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Misyon entènasyonal k ap voye zye sou demantèlman pwogram zam chimik Siri a fè konnen li an mezi pou l verifye kounye a youn nan 2 enstalasyon ki rete yo kote kè sote sou sekirite anpeche vizit enspektè yo .

Responsab Oganizasyon pou prevansyon zam chimik la fè konnen enspeksyon ki fèt nan enstalasyon vil Alèp la konfime deklarasyon rejim Damas la fè pou l di : “se yon sit ke yo deja demantle e abandone depi lontan.”

Responsab Oganizasyon an kontinye pou l di bilding nan montre siy ki fè konnen se yon kote ki sibi gwo dega. Vil Alèp se youn nan vil ki pi konteste ant 2 kan yo pandan kriz k ap dewoule nan peyi Siri depi 32 mwa.