Dezakò ant Larisi ak Peyi Oksidantal yo sou Atak ak Zam Chimik la nan Siri

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Daprè nouvèl ki sòti Moskou, otorite ris yo anonse gouvènman siryen an vini ak prèv tou nèf ki montre se militan rebèl yo ki te lanse atak ak zam chimik ki te touye plis pase mil 400 moun tou pre Damas nan mwa dout pase a.

Ajans nouvèl ris yo site vis-minis afè etranjè a, Sergei Ryabkov, ki ta di kòmkwa rejim Prezidan Bashar al-Assad la remèt prèv yo bay Larisi. Misye Ryabkov te rankontre madi 17 septanm 2013 la, nan vil Damas, avèk minis afè etranjè siryen an, Walid al-Moallem, e li genyen pou l fè chita-tande nan jounen mèkredi a avèk prezidan Assad.
Lèzetazini ak alye oksidantal li yo akize fòs militè siryen yo deske se yo ki te lanse atak ak gaz anpwazonnen ki te touye moun pa bann e pa pakèt nan dat 21 out pase a, e yo ensiste pou di yon rapò kèk enspektè l’ONU pibliye semèn sa a, montre klèman se gouvènman siryen an ki responsab. Misye Ryabkoff fè konnen Larisi desi anpil lè li pran konesans rapò enspektè yo sou atak la; daprè li, se yon rapò enkonplè e konsa –nap site : « li politize, li gen fòs kote e li nan paspouki... » fen sitasyon.

Lè vis-minis afè etranjè ris la pale konsa, li repete yon deklarasyon nan menm sans la chèf diplomasi Larisi a, Sergei Lavrov, te fè konsènan rezilta ankèt enspektè Nasyon Zini yo. Pòtpawòl Depatman Deta a, Jennefer Psaki, ki reyaji sou pozisyon Misye Lavrov la, fè deklarasyon sa a :

"Naturèlman, nou tande kòmantè Misye Lavrov yo. Yon fwa ankò, li ale kont opinyon entènasyonal la; men, sa ki pi enpòtan toujou, li ale kont fè reyèl yo. Nou byen konnen l’ONU pat bay enspektè yo misyon pou yo lage blam sou do pèsonn, pou yo chache konnen kilès ki responsab atak la ; men, genyen anpil rezon ki fè moun wè se rejim an plas la ki te itilize zam chimik yo."

Malgre dezakò ant Moskou ak peyi oksidantal yo sou dosye a, Larisi, Lachin ak 3 puisans oksidantal (Lèzetazni, La Grand Bretay ak Lafrans) mete yo dakò pou yo travay ansanm sou yon rezolisyon Nasyon Zini kap mande eliminasyon lasnal zam chimik Siri yo.

Pi gwo obstak yo gen devan yo, se kesyon pou konnen èske yo dwe mete nan dokiman an yon menas itilizasyon fòs militè pou fè Siri respekte rezolisyon an –yon bagay Larisi ak Lachinn rejte ak tout fòs. Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ensiste sou nesesite kloz sa a parèt nan rezolisyon an.

Misye Kerry di : “Si pat genyen yon menas lejitim pou n itilize lafòs (daprè yon lejilislasyon Komisyon Afè Etranjè a te pase e ke Kongrè a tap anvizaje), Larisi ak Lachin pa tap vin arebò tab la; Assad pa tap vinn arebò tab la. Alòs, li enpòtan pou n kite itilizasyon lafòs sou tab la dekwa pou n kapab garanti ke rejim Assad la pral konfòme li.”

Diplomat 5 manm pèmanan Konsèy Sekirite l’ONU an (Lèzetazini, La Grand Bretay, Lafrans, Larisi ak Lachin) genyen pou yo rankontre nan Washington anvan lontan pou yo diskite sou pwojè-rezolisyon an.