Yon Plan Franko-Ris pou Rezoud Kriz la nan Siri – Reyaksyon Prezidan Obama

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Pari ak Moskou anonse yo genyen yon plan pou mete lasnal zam chimik peyi Siri a sou kontwòl entènasyonal, aprè analiz sitiyasyon an nan peyi arab la te debouche sou pwopozisyon sa a kòm yon mwayen pou fè fas ak menas atak ak zam chimik nan mitan gè sivil kap dewoule nan Siri a, epi devan posiblite pou Lèzetazini lanse yon atak militè kont rejim prezidan Bashar al-Assad la.

Minis afè etranjè Larisi a, Sergei Lavrov --ki tap abòde dosye a madi 10 septanm 201 3 la-- fè konnen otorite konsène yo ap prepare sa li rele “yon plan konkrè” ansanm ak gouvènman siryen an, e yo espere mete pwopozisyon an devan lòt peyi anvan lontan.

Bò kote pa li, prezidan ameriken an, Barack Obama, di li konsidere plan Larisi genyen pou yo mete lasnal zam chimik siryen an anba kontwòl entènasyonal, kòm yon gwo evolisyon nan sitiyasyon an; sepandan Misye Obama ensiste sou le fèt ke gwo devlopman sa a pa tap reyalize si Siri pat anba menas yon atak militè.

Pandansetan, nan vil Pari, minis afè etranjè a, Laurent Fabius, fè konnen Lafrans pare pou l mete devan konsèy sekirite Nasyon Zini an yon rezolisyon kap mande pou Siri bay tout detay nèt sou pwogram zam chimik li a, epi remèt li bay kominote entènasyonal la pou yo demantle li. Misye Fabius ajoute rezolisyon an ap prevwa kèk konsekans grav si Siri pa konfòme l.

Jiskisi Konsèy Sekirite a pa janm kapab apwouve okenn rezolisyon manm yo te pwopoze pou mete sanksyon sou do Siri, paske 2 nan peyi ki genyen dwa de veto yo (Larisi ak Lachin) toujou itilize dwa sa a pou yo bloke tout sanksyon kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la. Madi 10 septanm nan, Prezidan Barack Obama pral prezante devan Kongrè a pou l rankontre ak palmantè ameriken yo nan kad efò lap fè pou wè si yon majorite depite ak senatè ta apwouye yon plan datak militè kont Siri.

Sepandan, nan yon seri de entèvyou Misye Obama bay laprès nan fen jounen lendi a, li ensiste pou l di li ta pi pito kite diplomasi fè travay ki nesesè pou anpeche Siri itilize zam chimik ankò. Nan sware jounen madi a, Prezidan Obama pral parèt nan televizyon pou l mete devan pèp ameriken an yon mesaj sou sitiayasyon an nan Siri.