WASHINGTON, D.C. —
Oganizasyon entènasyonal dwamoun Amnesty International di li konsidere 5 sitwayen kiben kòm “prizonye konsyans” --sètadi moun yo mete nan prizon pou opinyon yo; e òganizasyon an mande otorite yo nan La Avàn libere moun sa yo tousuit e san kondisyon.
Amnesty Intènasyonal –ki tap abòde sitiyasyon prizonye kiben yo dimanch 4 out 2013 la-- fè konnen tou-prizon otorite yo bay moun sa yo se yon prèv ki montre baboubèt kont libète lapawòl ap libète opinyon poko fini nan Kiba.
Daprè Amnesty toujou, tout mesye sa yo se manm Inyon Patriyotik Kiba a, yon òganizayson sosyete sivil la mete sou pye pou defann dwa sitwayen yo pou yo egzèse libète sivil yo plis sou il la.
Javier Zuniga se yon konseye espesyal Amnisti Entènasyonal. Misye di afè “5 prizonye konsyans yo” se sèlman yon ti apèsi sou represyon libète lapawòl nan Kiba. Prizonye sa yo se Rafael Matos Montes de Oca, Emilio Planas Robert ak 3 frè li : Alexeis, Diango avèk Vianco Vargas Martin.
Gwoup defans dwamoun nan ajoute yo te arete Emilio Planas Robert avèk Rafael Matos Montes de Oca ane pase a nan vil Guantanamo ki nan pati lès peyi a, aprè postè anti-gouvènmantal te sikile atravè vil la. Daprè Amnesty toujou, lajistis te jwenn yo tou lè 2 kopab deske yo « gen panchan pou yo komèt krim » e tribinal te kondane yo pou yo sibi kèk pèn ke sekirite nasyonal egzije, menm si akizasyon an pat prezante okenn prèv kont yo pandan dewoulman pwosè a.