Zimbabwe-Eleksyon: Elektè yo ap Chwazi yon Prezidan ak Manm Palman an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Nan Zimbabwe, elektè yo ap vote mèkredi 31 jiyè 2013 la pou yo chwazi yon prezidan ak manm palman an. Gen 5 kandida a la prezidans –pami yo Premye Minis la, Morgann Tsvangirai, ak prezidan sòtan an, Robert Mugabe.

Nan peyi Zimbabwe, elektè yo ap jete bilten mèkredi 31 jiyè 2013 la pou yo chwazi yon prezidan ak manm 2 chanm palman an.

Kous a la prezidans la gen patisipasyon 5 kandida, tandiske atansyon moun plis santre sou Premye Minis la, Morgan Tsvangirai, ki poze kandidati l pou yon 3èm fwa, nan efò lap fè pou l wè si l ta pran plas chèf deta a nan men Robert Mugabe kap dirije peyi a depi plis pase 30 tan.

Vrèman vre, Misye Mugabe te monte sou pouvwa depi Zimbabwe te pran endepandans li nan lane 1980.

Nan jounen madi 30 jiyè a, misye pran angajman pou l respekte rezilta eleksyon an, kòmkwa lap kite plas prezidan an si se youn nan advèsè l yo ki ranpòte laviktwa. Misye Mugabe di:

“Si ou antre nan yon pwosesis, si wap patisipe nan yon konpetisyon kote se 2 chans ou genyen (se swa w pèdi, swa w genyen), eben, ou pa kapab sòti ganyan e pèdan a la fwa : Se swa w genyen, swa w pèdi. Si w pèdi, alòs, ou dwe remèt plas la bay sila ki genyen an. Si w genyen, sila ki pèdi yo fèt pou fè menm bagay la. Kidonk, mwen pare pou m respekte règ jwèt la. »

Nan menm okazyon an, Misye Mugabe rejte akizasyon kandida Morgan Tsvangarai lanse pou di lap eseye vòlè eleksyon an.

Lèzetazini eksprime kè-sote devan le fèt ke enstitisyon Leta yo nan Zimbabwe sanble ta ranje kò yo pou yo favorize yon kandida kont lot yo, mete sou le fèt ke trikaj teknik ak lojistik kapab lakoz eleksyon an pa genyen transparans ak kredibilite.