Nan Lejip, yon jij pase lòd pou yo kontinye kenbe nan prizon prezidan dechouke a, Mohamed Morsi, sou akizasyon deske li te mele nan konplo kont Leta avèk gwoup militan palestinyen HAMAS. Pandansetan, peyi a pare pou plis manifestasyon ki pral dewoule atravè peyi a vandredi 26 jiyè 2013 la. Ajans nouvèl ofisyèl la, MENA, fè konnen Misye Morsi twouve l nan prizon depi plis pase 15 jou deja, ann atandan lajistis mennen ankèt sou akizasyon an.
Vrèmanvre, otorite militè yo mete lidè islamik la nan detansyon (yon kote moun pa konnen) depi 3 jiyè pase a, jou kote lame te ranvèse l sou pouvwa a. Ankèt la pral chache konnen si se vre Misye Morsi ak 12 lòt moun te travay ak gwoup HAMAS la pou l te ede yo sove nan prizon, pandan mouvman leve-kanpe popilè ki te dechouke rejim Prezidan Hosni Moubarak la nan lane 2011.