Otorite ejipsyen yo fè konnen lese-frape ki dewoule pandan nan nwit lendi louvri madi 16 jiyè a ant fòs sekirite yo ak patizan prezidan dechi a, Mohamed Morsi, pran lavi 7 moun e blese 261 lòt.
Batay sa a te pete byen ta lendi 15 jiyè a e li te dire jiska madi maten, prensipalman nan sant kapital ejipsyen an, Lekèr, pandan patizan msye Morsi yo kontinye ap reklame retou li sou pouvwa a.
La polis te tire gaz lakrimojèn sou moun ki fidèl ak msye Morsi yo ki, yo mènm, te riposte ak kout wòch.
Manifestan yo bloke tou plas Ramsès la ansnam ak yon pon nan kapital la. Pwotestatè yo tabli yon « sit-in » devan moske Rabia el-Adawiya a nan vil Nasir, bastyon gwoup Frè mizilman msye Morsi a.
Lidè gwoup islamis la pwomèt li pra l kontinye ak manifestasyon pwotestasyon yo. Gen lòt manifestasyon ki dewoule atravè tout Ejip, e menm nan vil Alexandri.