Nan vil Lekèr, kapital Ejip, prezidan Kou Siprèm nan, Adly Mansour, ki genyen 68 tan, prete sèman kòm nouvo prezidan aprè lame te ranvèse prezidan Mohamed Morsi, premye prezidan ki eli demokratikman nan tout istwa peyi a. Prestasyon sèman sa a dewoule aprè yon opozisyon popilè kont rejim Morsi a te monte rive o pli wo degre, kote se chak jou pèp la te pran lari pou mande demisyon prezidan an.
Koudeta militè a te dewoule mèkredi 3 jiyè 2013 la, aprè fen yon ultimatum lame te bay Prezidan Morsi pou l jwenn yon solisyon pou kriz politik la, te rive nan bout li. Misye Morsi twouve l anba men militè yo. Laprès ejipsyèn fè konnen nouvo otorite yo lanse manda darè kont 300 manm Pati Fratènite Mizilman an, an palan de pati Misye Morsi a.
Lè otorite militè yo te anonse yo ranvèse gouvènman Morsi a, pèp ki te ransanble sou plas Tahrir la, nan kapital la, Lekèr, te reyaji avèk gwo selebrasyon; e moun te ka wè menm selebrasyon sa a lòt kote nan vil la e atravè peyi a, kote opozan gouvènman Morsi a tap fete, tap rejwi. Nan yon mesaj kòmandan lame a, jeneral Abdoul Fatah Khalil Al-Sisi, mete devan nasyon an byen ta mèkredi, li bay detay sou plan lame genyen pou peyi a. Jeneral Al-Sisi di :
« Pwogram nan gen ladan n: sispansyon konstitsyon an; - òganizasyon eleksyon palmantè e prezidansyèl antisipe;- kreyasyon yon komisyon rekonsilyasyon nasyonal kap gen ladan n mouvman jèn yo. Prezidan Kou Siprèm nan gen tout otorite pou l anonse chanjman ki dwe fèt nan konstitusyon an pandan tout tan peryòd tranzisyon an va dire. Pwogram nan genyen ladan n tou kreyasyon yon komite kap la pou revize amandman konstitisyonèl yo.”
Jeneral Abdoul Fatah Khalil Al-Sisi ajoute lame poze aksyon sa a pou l reponn apèl majorite pèp la ki pat sispann mande demisyon Misye Morsi. Opozisyon an te fè konnen prezidan an –menm si li te eli- te pèdi tout lejitimite, paske li te echwe nan misyon li te genyen pou l te ini pèp la epi dirije peyi a kòmsadwa. Youn nan lidè opozisyon an, Mahdi Hamad, manm Pati Nasyonal Ejip la, deklare :
« Depi m tande nouvèl la, mwen te mete ajenou pou m priye. Mwen trè kontan, paske nou te fatige aprè 2 zan ; nou te bouke ak nèg sa a; nou te bouke ak tout sistèm nan. Nou te dechouke yon rejim e n te ranplase l ak yon lòt ki vin mete plis dèt sou do peyi a. A pati de jodiya, se moun respektab nou vle wè nan tèt peyi sa a… »
Nouvèl yo fè konnen, si se majorite ejipsyen yo ki leve kanpe kont gouvènman prezidan Mohammed Morsi a, omwen 25 pou san popilasyon an apiye li e toujou rete atache avèk li. Lè w sonje Ejip se yon peyi kote w jwenn 80 milyon abitan, 25 pou san se anpil moun. Youn nan patizan Prezidan Morsi yo, se Abdel Ghafffar. Misye bay opinyon li sou sa k pase nan peyi a mèkredi 3 jiyè 2013 la :
« Prezidan Morsi genyen lejitimite avèk li, e nou dispoze mouri pou li. Se nan eleksyon Morsi te pase; se eleksyon ki ta dwe mete l deyò, e non pa lafòs militè. Alòs, di m kisa eleksyon ak demokrasi reprezante kounye a? Yon demokrasi lemond antye ap reklame! »
Jous nan kòmansman jounen jedi 4 jiyè 2013 la, patizan ak opozan Misye Morsi tap manifeste toujou sou plas Tahrir la, nan vil Lekèr.