Mezantant Diplomatik ant Taywan avèk Filipin

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Yon mezantant diplomatik ki pete ant Taywan avèk Filipin ap chofe nan moman Taype kòmanse yon egzèsis militè nan dlo ke chakin nan 2 peyi yo reklame kòm yon pati nan tèritwa nasyonal li.

Egzèsis ayeryen ak egzèsis naval kap fèt nan Kanal Bashi a vap dewoule yon semèn aprè gadkòt Filipin te tire sou yon pechè taiwanè ki gen 65 kan; zak sa a, ki te koze lanmò pechè a, provoke yon eskandal nan Taywan.

Fanmi pechè a ak otorite taiwanè yo refize rankontre ak yon reprezantan pèsonèl prezidan Filipin nan, Benigno Aquino, te voye nan Taywan pou prezante eskiz pou lanmò a.

Premye minis taywanè a, Jiang Yi-huah, rejte eskiz prezidan Aquino a ki fè konnen lanmò sa a se yon ensidan regretab e se pa yon fè esprè.

Taywan rejte tou yon deklarasyon yon otorie nan gouvènman flipen an te fè anvan sa pou l eksprime regrè pou ensidan an.